Return   Facebook   Zip File

Arabic

1

O PITIT LESPRI A!

Premye konsèy Mwen se sa a: Gen yon kè pwòp, emab, ki klere tankou yon limyè, pou ou kapab posede yon pouvwa ansyen, ki pa kapab peri e ki p’ap janm fini.

2

O PITIT LESPRI A!

Pami tout bagay, sa Mwen plis renmen se Jistis; pa vire do ba li si se Mwen menm ou vle, e pa neglije li pou Mwen kapab fè ou konfyans. Avèk Jistis ou pral wè ak pwòp je ou, men pa ak je lòt moun, e ou pral konprann ak pwòp konesans ou e pa ak konesans pwochen ou. Reflechi sou sa nan kè ou; kòman ou dwe ye. An verite jistis se yon kado Mwen ba ou e se siyn byenveyans Mwen. Fikse je ou sou li.

3

O PITIT LÒM!

Mwen te deja konnen lanmou Mwen pou ou depi nan ansyen egzistans Mwen an e li te la nan lespri Mwen depi nan kòmansman an; se pou sa Mwen te kreye ou, Mwen te grave imaj Mwen nan ou e devwale bote Mwen pou ou.

4

O PITIT LÒM!

Mwen te renmen kreyasyon ou, se pou sa Mwen te kreye ou. Pou rezon sa a, renmen Mwen, pou Mwen kapab site non ou e ranpli nanm ou ak lespri lavi a.

5

O PITIT EGZISTANS LAN!

Renmen Mwen, pou Mwen kapab renmen ou. Si ou pa renmen Mwen, pa gen okenn fason pou lanmou Mwen rive jwenn ou. Fè efò pou konprann sa, O sèvitè.

6

O PITIT EGZISTANS LAN!

Paradi ou se lanmou Mwen; mezon selès ou se rankontre ak Mwen. Prese rantre ladann li. Se sa ki te rezève pou ou nan wayòm selès Mwen an e nan Peyi Mwen ki trè gloriye a.

7

O PITIT LÒM!

Si ou renmen Mwen, vire do bay pwòp tèt pa ou; e si ou ap chèche plezi Mwen, pa gade plezi pa ou; konsa ou pral mouri nan Mwen menm e Mwen pral viv nan ou pou tout tan.

8

O PITIT LESPRI A!

Pa gen okenn lapè pou ou sof si ou renonse ak tèt pa ou e vire sou Mwen menm; paske avantaj ou se glorifye ou nan non Mwen, men pa nan non pa ou; se pou mete konfyans ou nan Mwen, men pa nan tèt pa ou, paske dezi Mwen se pou ou renmen Mwen pou kont Mwen e plis pase tout sa ki egziste.

9

O PITIT EGZISTANS LAN!

Lanmou Mwen se fòterès Mwen; nenpòt moun ki antre ladan li ap jwenn pwoteksyon ak sekirite, e sila a ki vire do ba li, san dout pral pèdi chemen an e peri.

10

O PITIT PAWÒL LA!

Ou se fòterès Mwen; antre ladan li pou ou kapab viv an sekirite. Lanmou Mwen nan ou. Konnen sa, pou ou kapab jwenn Mwen tou pre ou.

11

O PITIT EGZISTANS LAN!

Ou se lanp Mwen e limyè Mwen nan ou. Kite li klere ou e pa chèche okenn lòt esepte Mwen menm. Paske, Mwen te kreye ou rich e Mwen te vide favè Mwen sou ou an abondans.

12

O PITIT EGZISTANS LAN!

Ak men pouvwa yo Mwen te fè ou e ak dwèt pisans yo Mwen te kreye ou; e Mwen te mete lespri limyè Mwen nan ou. Kontante ou ak li e pa chèche okenn lòt, paske travay Mwen san defo e kòmandman Mwen se yon angajman pou ou. Pa diskite, ni pa doute sou li.

13

O PITIT LESPRI A!

Mwen te kreye ou rich, poukisa ou mete tèt ou anba lamizè? Mwen te kreye ou bon, kòman fè ou bese tèt ou? Mwen te ba ou lavi ki soti nan sous konesans lan, poukisa ou ap chèche limyè nan men yon lòt? Avèk ajil lanmou, Mwen te fè ou, kijan ou fè okipe ou ak yon lòt ki pa Mwen menm? Gade nan ou menm, pou ou kapab jwenn Mwen kanpe anndan ou, pisan, fò e endepandan.

14

O PITIT LÒM!

Ou se wayòm Mwen, e wayòm Mwen p’ap janm peri. Poukisa alò ou krenn mouri? Ou se limyè Mwen, e limyè Mwen p’ap janm etenn. Poukisa ou pè etenn? Ou se glwa Mwen, e glwa Mwen p’ap janm fini; ou se wòb Mwen, e wòb Mwen p’ap janm blaze. Rete fèm nan lanmou ou gen pou Mwen, pou ou kapab jwenn Mwen nan wayòm glwa a.

15

O PITIT PAWÒL LA!

Vire fas ou ban Mwen e renonse ak tout bagay esepte Mwen menm; paske pouvwa Mwen p’ap janm fini e wayòm Mwen p’ap peri. Si ou t’ap chèche yon lòt pase Mwen, an verite, menm si ou ta fouye nan linivè a pandan tout letènite, rechèch ou a pa t’ap abouti ak anyen.

16

O PITIT LIMYÈ A!

Bliye tout bagay esepte Mwen menm e pale ak lespri Mwen. Sa a se baz kòmandman Mwen, poutèt sa vire jwenn li.

17

O PITIT LÒM!

Se pou kontante ou ak Mwen e pa chèche okenn lòt sekou. Paske, p’ap janm gen yon lòt ki pral satisfè ou.

18

O PITIT LESPRI A!

Pa mande Mwen sa Mwen pa vle pou ou, se pou kontante ou ak sa Mwen te dezire pou byen ou, paske se sa k’ap bon pou ou, si ou kontante ou ak li.

19

O PITIT GRAN VIZYON AN!

Mwen te soufle nan ou souf pwòp lespri Mwen, pou ou kapab vin amoure Mwen. Poukisa ou te kite Mwen e al’ chèche yon byeneme ki pa Mwen menm?

20

O PITIT LESPRI A!

Dwa Mwen genyen sou ou gran anpil; ou pa kapab bliye sa. Gras Mwen pou ou ap debòde, li pa kapab vwale. Lanmou Mwen te fè fwaye li anndan ou, li pa kapab kouvri. Limyè Mwen vizib nan ou, li pa kapab kache.

21

O PITIT LÒM!

Mwen te chwazi pi bon fwi yo pou ou, e Mwen te mete yo sou pyebwa ki chaje ak glwa a. Poukisa ou vire do ba yo e kontante ou ak sa ki pa osi bon? Alò, retounen nan sa ki pi bon pou ou nan wayòm syèl la.

22

O PITIT LESPRI A!

Mwen te kreye ou bon, men ou te chwazi imilye tèt ou. Leve, ale nan kondisyon Mwen te chwazi pou ou a.

23

O PITIT SIPRÈM NAN!

M’ap rele ou nan letènite a, tandiske ou kontinye ap chèche sa k’ap peri a. Kisa ki te fè ou detounen kite dezi Mwen pou ale chèche dezi pa ou?

24

O PITIT LÒM!

Pa depase limit ou, ni pa reklame sa ki pa bon pou ou. Koube ou devan figi Bondye ou, Senyè Ki plen pisans ak pouvwa a.

25

O PITIT LESPRI A!

Pa fè gran panpan devan pòv la, paske M’ap akonpanye li nan chemen li, e M’ap gade ou nan move eta ou e kite ou nan konfizyon pandan tout letènite.

26

O PITIT EGZISTANS LAN!

Kijan ou kapab fè bliye pwòp defo pa ou e okipe defo pwochen ou? Moun ki fè sa, M’ap modi li.

27

O PITIT LÒM!

Pa janm pale sou peche lòt moun tout tan ou menm ou se pechè. Si ou pa swiv kòmandman sa a, ou ap modi, e Mwen pote temwayaj sou sa.

28

O PITIT LESPRI A!

Konnen byen, an verite: Yon moun k’ap mande lèzòm pou yo aji avèk jistis, e li menm l’ap fè enjistis, se pa moun Mwen li ye, menm si li pote non Mwen.

29

O PITIT EGZISTANS LAN!

Pa di sou yon moun sa ou pa ta renmen moun di sou ou, e pa pale sa ou pa fè. Sa a se kòmandman Mwen ba ou, swiv li.

30

O PITIT LÒM!

Si sèvitè Mwen ta mande ou yon bagay, pa refize li, paske figi li se figi pa Mwen; se pou mete ou ba devan Mwen.

31

O PITIT EGZISTANS LAN!

Repase konsyans ou chak jou anvan jou jijman an; paske lamò pral vini sou ou, san anons, e lè sa a ou pral genyen pou rann kont sou aksyon ou yo.

32

O PITIT SIPRÈM NAN!

Mwen te mete lamò kòm yon mesaje ki pote lajwa pou ou. Poukisa ou chagren? Mwen te kreye limyè a pou li kapab klere ou avèk glwa li. Poukisa ou kache kò ou devan li?

33

O PITIT LESPRI A!

Avèk bòn nouvèl limyè a Mwen rele ou: ou mèt kontan! Mwen envite ou rantre nan lakou sentete a; rete nan lakou sa a pou ou kapab viv nan lapè pou tout tan.

34

O PITIT LESPRI A!

Lespri sentete a pote pou ou bòn nouvèl linite; poukisa ou chagren? Lespri pisans lan vle ranfòse ou nan kòz Li a; poukisa ou pè avanse? Limyè vizaj Li ap gide ou; kijan ou kapab pèdi?

35

O PITIT LÒM!

Ou dwe tris sèlman lè ou lwen Mwen. Ou dwe rejwi sèlman si ou ap apwoche pou retounen vin jwenn Mwen.

36

O PITIT LÒM!

Rejwi nan kè kontan ou, pou ou ta kapab diyn pou rankontre Mwen e montre limyè bèlte Mwen.

37

O PITIT LÒM!

Pa detache ou ak bèl wòb Mwen an, e pa abandone pòsyon pa ou a nan fontèn mèveye Mwen an, pou pa rete swaf pou tout letènite.

38

O PITIT EGZISTANS LAN!

Swiv kòmandman Mwen yo poutèt lanmou ou gen pou Mwen e kite sa ou renmen si se plezi Mwen ou ap chèche.

39

O PITIT LÒM!

Pa neglije kòmandman Mwen yo si ou renmen bèlte Mwen, e pa bliye konsèy Mwen yo si se plezi Mwen ou ap chèche.

40

O PITIT LÒM!

Menm si ou ta kouri nan tout linivè a e vwayaje nan tout syèl la, ou t’ap jwenn repo sèlman si ou soumèt ak kòmandman Mwen yo e mete ou ba devan Figi Mwen.

41

O PITIT LÒM!

Glorifye kòz Mwen an pou Mwen kapab fè ou konnen mistè grandè Mwen e klere ou avèk limyè etènite a.

42

O PITIT LÒM!

Mete ou ba devan Mwen, pou Mwen kapab vizite ou akoz tout bonte Mwen genyen yo. Leve pou fè kòz Mwen an triyonfe, pou ou kapab pote viktwa a pandan ou toujou sou tè a.

43

O PITIT EGZISTANS LAN!

Pale de Mwen menm sou tè Mwen an, pou Mwen kapab sonje ou nan syèl Mwen an, konsa je Mwen e je ou pral soulaje.

44

O PITIT TWÒN NAN!

Zòrèy ou se zòrèy Mwen, sèvi ak li pou tande. Je ou se je Mwen, sèvi ak li pou gade, pou ou kapab temwaye sou sentete egzalte Mwen an nan fon nanm ou, e lè sa a, Mwen menm, Mwen pral kapab pote temwayaj sou ran egzalte ki rezève pou ou.

45

O PITIT EGZISTANS LAN!

Fè efò pou mouri kòm mati nan chemen Mwen, kontan ak plezi Mwen e rekonesan pou lòd Mwen an, pou ou kapab repoze ak Mwen anba tonèl grandè a dèyè tabènak glwa a.

46

O PITIT LÒM!

Panse e reflechi. Èske ou vle mouri sou kabann ou, oubyen, èske ou vle vèse san ou nan pousyè a, yon mati nan chemen Mwen? – epi konsa ou ap kapab tounen yon siyn kòmandman Mwen e yon tòch limyè Mwen nan paradi ki pi wo a. Jije byen, O sèvitè!

47

O PITIT LÒM!

Poutèt bèlte Mwen! Kolore cheve ou ak san ou se yon bagay ki parèt nan je Mwen pi gran pase kreyasyon linivè a e limyè de mond yo. O sèvitè! Fè efò pou rive la.

48

O PITIT LÒM!

Gen yon siyn pou chak bagay. Siyn lanmou se kouraj anfas lòd Mwen e pasyans nan eprèv Mwen yo.

49

O PITIT LÒM!

Vrè amoure a ap chèche jwenn tribilasyon menm jan ak rebèl la k’ap chèche padon e pechè a k’ap chèche gras.

50

O PITIT LÒM!

Si ou pa rankontre difikilte nan chemen Mwen, kijan ou ap kapab mache nan chemen moun ki kontan ak plezi Mwen? Si eprèv yo pa touche ou pandan ou ap chèche jwenn Mwen, kijan ou pral jwenn limyè a nan lanmou ou pou bèlte Mwen?

51

O PITIT LÒM!

Yon kalamite Mwen voye se pwovidans Mwen; lè ou wè li, li sanble dife ak vanjans, men an reyalite li se limyè ak mizèrikòd. Prese jwenn li pou ou kapab tounen yon limyè ki p’ap janm etenn e yon lespri ki p’ap janm mouri. Sa a se kòmandman Mwen ba ou, se pou ou swiv li.

52

O PITIT LÒM!

Si richès rive jwenn ou, pa rejwi, e si imiliyasyon tonbe sou ou, pa chagren, paske tou de pral pase e yo pral disparèt.

53

O PITIT EGZISTANS LAN!

Si lamizè frape ou, pa tris; paske nan yon tan Senyè tout richès la pral vizite ou. Pa pè imiliyasyon, paske, gen yon jou, laglwa pral abite nan ou menm.

54

O PITIT EGZISTANS LAN!

Si kè ou atache ak wayòm etènèl sa a ki p’ap janm peri a, e ak lavi ansyen sa a ki p’ap janm fini an, abandone pouvwa mòtèl sa a k’ap pase vit la.

55

O PITIT EGZISTANS LAN!

Pa kite mond sa a tounen yon okipasyon pou ou, paske Mwen teste lò ak dife, e se avèk lò Mwen teste sèvitè Mwen yo.

56

O PITIT LÒM!

Ou menm ou ap chèche lò e Mwen vle ou libere anba li. Ou panse richès la se lè ou gen lò, e Mwen menm Mwen konnen richès ou se lè ou detache ou ak li. Mwen jire sou vi Mwen! Sa a se konesans Mwen, e lòt la se imajinasyon ou; kijan chemen pa Mwen kapab annakò avèk pa ou?

57

O PITIT LOM!

Pataje richès Mwen yo ak pòv Mwen yo, pou ou kapab jwenn yon pòsyon nan syèl la, nan depo limyè ki p’ap janm etenn nan, e nan trezò glwa ki p’ap janm fini an. Men, Mwen jire sou vi Mwen! Bay nanm ou se yon bagay ki gen plis glwa, si sèlman ou te kapab wè avèk je pa Mwen.

58

O PITIT LÒM!

Tanp egzistans lan se twòn Mwen; netwaye li kont tout bagay, pou Mwen kapab vin etabli ladann li, e la a Mwen kapab abite.

59

O PITIT EGZISTANS LAN!

Kè ou se mezon Mwen; sanntifye li pou Mwen fè ladesant. Lespri ou se kay revelasyon Mwen; pwòpte li pou Mwen kapab parèt.

60

O PITIT LÒM!

Mete men ou sou kè Mwen, pou Mwen kapab leve pi wo pase ou, tankou solèy la, briyan e gloriye.

61

O PITIT LÒM!

Monte nan syèl Mwen an, pou ou kapab jwenn lajwa ki genyen lè ou reyini avèk Mwen, e bwè diven ki san parèy nan kalis glwa ki p’ap janm peri a.

62

O PITIT LÒM!

Anpil jou te pase sou ou, pandan ou rete nan imajinasyon initil e move lide ou yo. Pou konbyen tan ou ap rete soule sou kabann ou? Kite somèy ou. Leve, paske Solèy la monte nan dènyè nivo, petèt li kapab klere ou ak limyè bèlte a.

63

O PITIT LÒM!

Limyè ki soti nan syèl Mòn sakre a te klere sou ou e lespri konesans lan te soufle nan Sinayi kè ou. Poutèt sa, soti anba vwal panse initil yo e antre nan lakou Mwen, pou ou kapab prepare pou lavi ki p’ap janm fini an e pou ou kapab diyn pou rankontre Mwen. Lè sa a ni lamò, ni fatig, ni touman p’ap jwenn ou.

64

O PITIT LÒM!

Etènite Mwen se kreyasyon Mwen, Mwen te kreye li pou ou. Fè li sèvi yon kostim pou tanp ou. Linite Mwen se zèv Mwen; Mwen te fè li pou ou; abiye avèk li, pou ou kapab, pandan tout etènite, yon siyn egzistans Mwen ki p’ap janm fini.

65

O PITIT LÒM!

Majeste Mwen se yon kado Mwen fè ou, e grandè Mwen se prèv gras Mwen pou ou. E kanta sa ki bon pou Mwen, pa gen yon moun ki pral konprann li, ni pèsonn pa kapab esplike li. An verite, Mwen sere li nan depo sekrè Mwen yo e nan trezò kòmandman Mwen yo, kòm yon siyn lanmou Mwen pou sèvitè Mwen yo e mizèrikòd Mwen pou pèp Mwen yo.

66

O NOU MENM, PITIT LESPRI ENVIZIB E DIVEN AN!

Nou pral jwenn difikilte k’ap anpeche nou renmen Mwen e nanm yo pral trakase lè yo site Non Mwen. Paske entèlijans pa kapab konprann Mwen ni kè yo pa kapab kenbe Mwen.

67

O PITIT BÈLTE A!

Avèk lespri Mwen e avèk favè Mwen! Avèk gras Mwen e avèk bèlte Mwen! Tout sa Mwen te revele pou ou ak lang pouvwa a, e tout sa Mwen te ekri pou ou ak plim pisans lan, te annakò ak kapasite ou e konpreyansyon ou, e non pa avèk pouvwa Mwen ni ak melodi vwa Mwen!

68

O NOU MENM, PITIT LÒM!

Èske nou pa konnen poukisa Mwen te kreye nou tout ak menm pousyè? Se pou pèsonn pa montre li plis pase yon lòt. Reflechi tout tan nan kè nou sou fason nou te kreye. Pliske Mwen te fè nou tout ak menm matyè, sa vle di nou dwe fè tankou nou te yon sèl nanm, nou dwe mache ak menm pye, manje ak yon sèl bouch, e abite nan menm tè, konsa, avèk aksyon nou e travay nou, siyn linite e lespri detachman kapab manifeste nan fon kè nou! Se konsèy sa a Mwen ban nou, O asanble limyè a! Swiv konsèy sa a pou nou kapab rekòlte fwi sentete sou bèl pyebwa glwa a.

69

O NOU MENM, PITIT LESPRI A!

Nou se richès Mwen yo, paske se nan nou Mwen te sere bijou mistè Mwen yo e trezò konesans Mwen yo. Pwoteje yo byen kont etranje ki nan mitan sèvitè Mwen yo e kont moun ki bliye Bondye ki nan mitan pèp Mwen an.

70

O PITIT SILA A KI TE KANPE AKÒZ PWÒP POUVWA LI NAN WAYÒM PWÒP LESPRI LI !

Konnen byen, Mwen te soufle sou ou tout pafen sentete yo; Mwen te fè ou konnen pawòl Mwen san manke yon mo. Nan ou, bonte Mwen te vin pafè e Mwen te chwazi pou ou sa Mwen te chwazi pou pwòp tèt pa Mwen. Alò, satisfè ou ak plezi Mwen e sonje sa Mwen fè pou ou.

71

O PITIT LÒM!

Ekri avèk lank limyè a sou tablo lespri ou tout sa Mwen te revele pou ou. Si ou pa kapab, alò, fè pwòp lank ou avèk vrè nati kè ou. Si malgre sa ou toujou pa kapab, ekri avèk lank wouj sa a ki te koule nan chemen Mwen an. An verite, sa gen plis valè pou Mwen pase tout lòt bagay, paske l’ap fè limyè li rete pou tout tan.

Persian

1

O NOU MENM PÈP KI GEN LESPRI POU KONPRANN E ZÒRÈY POU TANDE!

Premye apèl Byeneme a se sa a: O wosinyòl espirityèl la! Pa abite okenn kote sof nan jaden-woz lespri a. O mesaje Salomon lanmou an! Pa chèche okenn abri sof nan Saba byeneme a. O zwazo ki p’ap janm mouri a! Pa rete okenn kote sof sou mòn fidelite a. Se la kay ou ye, si ou ap vole avèk zèl nanm ou nan direksyon wayòm ki p’ap janm fini an e si ou ap chèche jwenn bi final ou.

2

O PITIT LESPRI A!

Zwazo a chèche nich li; wosinyòl la menm chèche bèlte woz la; pandan zwazo kè imen yo, sou bò pa yo, te kite nich etènèl yo, kontan avèk pousyè ki p’ap dire a, e avèk je yo fikse sou marekaj neglijans lan, yo pa rive jwenn glwa prezans diven an. Elas! Li dwòl e tris; pou sèlman yon tas, yo vire kite lanmè k’ap monte ki pou Pi Wo a, e yo rete lwen syèl ki pi briye a.

3

O ZANMI!

Nan jaden kè ou pa plante anyen sof woz lanmou, e pa lage wosinyòl afeksyon ak dezi a. Bay zanmitay ak moun ki mache nan ladwati valè tankou yon trezò e evite asosye ak moun ki pa mache ak Bondye.

4

O PITIT JISTIS LA!

Ki kote amoure a kapab ale sof nan peyi byeneme li? e ki moun k’ap chèche byeneme li a ki ta kapab jwenn repo lwen dezi kè li? Pou vrè amoure a, rankontre moun li renmen an se lavi, e separasyon se lamò. Kè li manke pasyans e li pa gen lapè. Li t’ap asepte sakrifye lavi li plizyè fwa pou rive pi vit nan abitasyon byeneme li a.

5

O PITIT POUSYÈ A!

An verite Mwen di ou sa: Pami tout moun, sa ki pi neglijan an se sila a ki diskite san rezon e ki chèche avanse tèt li sou frè li. Se pou nou di, O frè mwen yo! Se aksyon nou, men pa pawòl nou, ki ta dwe dekorasyon nou.

6

O PITIT LATÈ!

Konnen an verite, yon kè ki toujou gen menm yon ti tras jalouzi, p’ap janm kapab jwenn paradi etènèl Mwen an, ni li p’ap janm kapab respire dous pafen sentete ki soti nan wayòm sakre Mwen an.

7

O PITIT LANMOU!

Yon sèl pa separe ou avèk otè glorye yo e ak pyebwa lanmou selès la. Fè yon premye pa e avèk dezyèm nan rive jwenn wayòm ki p’ap janm mouri an e antre nan palè etènite a. Poutèt sa, ouvri zòrèy ou pou tande sa plim glwa a te revele a.

8

O PITIT GLWA A!

Fè vit nan chemen sentete a, epi antre nan syèl prezans Mwen. Pwòpte kè ou avèk efò lespri ou, e prese antre nan lakou Pi Glorye a.

9

O LOMBRAJ K’AP PASE A!

Kite nivo ki pi ba yo kote dout la ye epi monte nan gran otè konfyans nan Bondye a. Ouvri je verite a, pou ou kapab gade Bèlte a san okenn vwal epi leve vwa ou pou di: Beni se Senyè a, Ki pi bon pase tout lòt kreyatè yo.

10

O PITIT ANVI A!

Tande pawòl sa yo byen: Je mòtèl la p’ap janm rekonèt bèlte etènèl la, e kè ki pa gen lavi p’ap jwenn plezi li sof nan flè ki fane yo; paske chak kreyati ap chèche sa ki sanble ak li, e yo rejwi sèlman lè yo rankontre parèy yo.

11

O PITIT POUSYÈ A!

Fèmen je ou, pou ou kapab wè bèlte Mwen; bouche zòrèy ou, pou ou kapab koute dous melodi vwa Mwen; bliye tout sa ou te aprann, pou ou kapab pataje konesans Mwen; sanntifye ou ak richès, pou ou kapab jwenn yon pòsyon k’ap dire nan oseyan richès Mwen ki pap janm fini an. Sa vle di, fèmen je ou sou tout bagay sof bèlte Mwen; bouche zòrèy ou sou tout bagay sof pawòl Mwen; bliye tout sa ou te aprann sof konesans Mwen; pou ou kapab antre nan lakou sentete Mwen an avèk yon konprann ki klè, yon kè ki san tach ak yon zòrèy k’ap tande.

12

O LÒM KI GENYEN DE VIZYON!

Fèmen yon je e ouvri lòt la. Fèmen premye a sou mond la ak tout sa ki ladan li, e ouvri lòt la sou bèlte sanntifye Byeneme a.

13

O ZANFAN MWEN YO!

Mwen pè pou nou pa ta retounen pèdi nan gran tenèb la lè nou pa tande melodi zwazo selès la ankò, e Mwen krenn pou nou pa ta retounen sou fòm dlo ak ajil san nou pa te janm gen chans pran tan pou gade bèlte woz la.

14

O ZANMI YO!

Pa kite bèlte etènèl la pou yon bèlte k’ap pase, e pa mete afeksyon nou nan lemonn pousyè sa a k’ap mouri an.

15

O PITIT LESPRI A!

Gen yon tan k’ap vini, kote wosinyòl sentete a p’ap devwale mistè lespri yo ankò, kote nou tout p’ap kapab tande melodi selès la e vwa ki soti anwo a.

16

O LESPRI NEGLIJANS LAN!

Gen yon kantite vwa espirityèl ki esplike sa yo vle di a nan yon sèl pawòl, e gen anpil mistè kache ki soti nan yon sèl melodi. Men, malerezman, pa gen zòrèy pou tande yo, e pa gen kè pou konprann yo.

17

O KAMARAD YO!

Pòt yo ki gen fasad sou Bondye ouvè byen gran e kay byeneme a dekore avèk san amoure yo; men tout pèp sof yon ti kantite rete lwen site selès sa a, e menm nan ti kantite sa a, Mwen te sèlman jwenn yon ti ponyen ki gen yon kè ki san tach ak yon lespri sanntifye.

18

O NOU MENM KI RETE NAN PARADI KI PI WO A!

Bay nouvèl pou pèp ki kwè yo: Gen yon nouvo jaden ki parèt nan wayòm sentete a, tou pre paradi selès la, se arebò jaden sa a lespri wayòm anwo yo ap fè lavironn ansanm ak abitan ki p’ap janm mouri yo ki soti nan paradi egzalte a. Pou rezon sa a, degaje nou, pou nou kapab rive nan otè sa a, pou nou kapab dekouvri nan flè li yo mistè lanmou e aprann nan fwi li yo ki p’ap janm fini sekrè sajès diven e pafè a. Je moun ki antre e abite nan wayòm li ap soulaje.

19

O ZANMI MWEN YO!

Èske nou bliye vrè maten klere a, lè nou tout te reyini nan prezans Mwen nan nan kote sakre e beni sa yo anba lonbraj pyebwa lavi a ki plante nan paradi trè gloriye a? Nou te sezi, lè nou te tande Mwen di twa pawòl ki pi sen sa yo: O zanmi yo! Pa chwazi volonte ou pase volonte pa Mwen, pa janm chèche sa Mwen pa te vle pou ou, e pa avanse kote Mwen avèk yon kè ki pa gen lavi, ki sal ak anvi e apeti mond la. Si nou ta kapab sèlman pwòpte nanm nou, nou t’ap sonje kote e vwazinaj sa yo kounyeya, e verite pawòl Mwen yo t’ap vin klè pou nou tout.

Nan wityèm pami liyn ki pi sen yo, ki nan senkyèm Epit Paradi a, Li di:

20

O NOU MENM KI KOUCHE TANKOU MÒ YO SOU KABANN NEGLIJANS LAN!

Anpil epòk te pase e lavi nou ki gen anpil valè t’ap prèske fini, malgre sa nou pa te fè yon sèl souf ki san tach rive nan lakou sentete Mwen an. Malgre nou plonje nan lanmè san kwayans lan, menm lè sa bouch nou kontinye anonse sèl vrè fwa Bondye a. Sila a Mwen rayi a, se li nou te renmen, e nou te fè enmi Mwen yon zanmi pou nou. Malgre sa, nou mache sou tè Mwen an alèz e awogan, nou pa menm rann nou kont si tè Mwen an fatige avèk nou e tout sa ki ladan li rejte nou. An verite, si sèlman nou t’ap ouvri je nou, nou t’ap pito gen yon kantite chagren pase lajwa nou genyen la a, e nou t’ap konprann lamò a menm miyò pase lavi sa a.

21

O FÒM POUSYÈ AN MOUVMAN!

Mwen ta renmen asosye avèk ou, men ou refize ban Mwen konfyans ou. Epe rebèl ou te koupe pyebwa lespwa ou. Mwen toujou bò kote ou, men ou menm ou toujou lwen Mwen. Se yon glwa ki pa t’ap janm fini Mwen te chwazi pou ou, men ou menm, ou chwazi lawont san limit. Pandan li poko twò ta a, tounen, pa kite chans ou ale.

22

O PITIT DEZI A!

Pandan lontan, moun ki edike yo ak saj yo te fè efò pou reyisi jwenn prezans Tout Gloriye a, men yo te echwe; yo te pase tout lavi yo ap chèche Li, men yo pa t’ gen chans wè bèlte vizaj Li. San ou pa t’ fè okenn efò, ou te jwenn objektif ou, e san ou pa te fè rechèch, ou te jwenn rezilta misyon ou. Malgre reyalite sa a, ou te rete tèlman vlope nan vwal egoyis la, sa te fè je ou pa te wè bèlte Byeneme a, ni men ou pa te manyen ke wòb Li. Nou menm ki gen je, gade e reflechi.

23

O ABITAN KI NAN SITE LANMOU AN!

Gwo van lamò yo atake bouji etènèl la, e bèlte Jèn selès la rete vwale nan fènwa pousyè a. Opozan Bondye yo ap maltrete wa lanmou an e zwazo sentete a rete anprizone nan grif chwèt la. Abitan ki nan palè glwa a e lame selès la ap kriye e soufri, pandan nou menm n’ap repoze sou kabann nou nan wayòm neglijans lan, epi nou konsidere tèt nou kòm vrè zanmi yo. Gade kòman lide san valè nou yo initil!

24

O NOU MENM KI MANFOUBEN MEN KI POTE NON SAJ!

Poukisa nou abiye nou ak kostim bèje a, epi kè nou tankou lou a ki vize twoupo Mwen an? Nou tankou zetwal, ki leve anvan douvanjou, e ki sanble klere e briyan, men ki mal dirije vwayajè yo k’ap chèche vil Mwen an epi mennen yo nan chemen erè a.

25

O NOU MENM KI SANBLE BON MEN KI VRÈMAN POURI!

Nou tankou dlo ki klè men ki amè, ki parèt pwòp men ki pa gen yon gout k’ap asepte lè li teste nan men Jij diven an. Vrèman, menm jan solèy la klere sou pousyè a se menm jan an li klere sou miwa a, men yo chak reflete yon lòt jan menm jan zetwal la diferan ak tè a: okontrè, li enposib pou mezire diferans ki genyen ant yo!

26

ZANMI MWEN AN PAWÒL!

Reflechi pou yon moman. Èske ou te janm tande moun pale sou yon kè ki kapab resevwa ni zanmi ni enmi an? Poutèt sa, mete etranje a deyò, pou Zanmi a kapab antre lakay Li.

27

O PITIT POUSYÈ A!

Mwen te mete pou ou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a, sof kè lèzòm, e se ladan Mwen te fè abitasyon pou bèlte ak glwa Mwen; poutan, ou te bay lakay Mwen ak demè Mwen pou yon lòt ki pa Mwen menm; e chak fwa manifestasyon sentete Mwen an t’ap eseye rantre nan domisil Li, Li te jwenn yon etranje ladann l’, e, lè Li wè Li san abitasyon, Li te prese pou jwenn sanktyè Byeneme a. Malgre sa, Mwen te kache sekrè ou e Mwen pa t’ vle imiliyasyon pou ou.

28

O LESPRI DEZI A!

Pandan plizyè douvanjou, Mwen te kite wayòm Envizib la e vire nan direksyon lakay ou, e Mwen te jwenn ou lonje sou somyè ou okipe ak lòt yo ki pa Mwen menm. Lè sa a, menm jan ak limyè lespri a, Mwen te tounen nan wayòm glwa selès la e Mwen pa t’ di anyen menm devan lame sentete a nan lakou Mwen anwo a.

29

O PITIT BONTE A!

Avèk ajil kòmand Mwen, Mwen te fè ou parèt soti nan espas ki vid la, e pou ou te kapab edike, Mwen te mete disponib pou ou chak atòm nan linivè a ansanm ak tout bagay ki te kreye. Se konsa, menm anvan ou te kite vant manman ou, Mwen te ba ou fontèn lèt k’ap klere, je pou veye sou ou, e kè pou renmen ou. Avèk dous lanmou Mwen, Mwen te nouri ou anba lonbraj Mizèrikòd Mwen, e Mwen te pwoteje ou avèk lespri gras ak favè Mwen. Objektif Mwen nan tout sa se te pou pèmèt ou rive jwenn wayòm etènèl Mwen an e vin diyn pou jwenn bonte envizib Mwen yo. Malgre sa, ou te rete neglijan, epi lè ou te vin gran, ou te abandone tout bonte Mwen yo e ou te okipe ou avèk imajinasyon initil ou yo, jiskaske ou te vin konplètman neglijan, epi ou te vire do bay pòt Zanmi an pou abite nan lakou enmi Mwen an.

30

O ESKLAV LEMONN!

Pandan plizyè douvanjou van dous jantiyès Mwen te soufle sou ou e li te jwenn ou toujou sou kabann neglijans ou nan yon fon somèy. Lè sa a li te tonbe kriye poutèt ou te nan move kondisyon, epi li te retounen kote li te soti a.

31

O PITIT LATÈ!

Si ou vle Mwen, pa chèche yon lòt ki pa Mwen menm; si ou vle byen gade bèlte Mwen, fèmen je ou sou lemonn ak tout sa ki ladann li. Paske volonte Mwen ak volonte yon lòt ki pa Mwen menm pa kapab rete nan menm kè, menm jan dife ak dlo pa kapab rete menm kote.

32

O ETRANJE TRETE KÒM ZANMI!

Lanp kè ou limen ak men pouvwa Mwen; pa etenn li ak van kontrè: egoyis ak pasyon. Lè ou sonje Mwen, tout maladi ou geri, pa bliye sa. Fè lanmou Mwen tounen trezò ou, e renmen li tankou ou renmen pwòp je ou ak lavi ou.

33

O FRÈ MWEN!

Koute pawòl ki soti nan dous lang Mwen k’ap chame kè yo, e bwè nan sous sentete selès la ki koule soti nan bouch Mwen ki plen siwo. Simen semans sajès diven Mwen nan tè kè ou ki san tach, e wouze yo ak dlo konfyans, pou yasent konesans e sajès Mwen kapab pouse tou fre, tou vèt nan vil sakre ki nan kè ou.

34

O NOU MENM, ABITAN NAN PARADI MWEN!

Avèk men byenfezan, Mwen te plante nan jaden sakre ki nan paradi a jèn pyebwa lanmou ak zanmitay ou, e Mwen te wouze li avèk bon lapli dous gras Mwen an; kounyeya, nou rive nan lè pou li bay fwi, fè efò pou pwoteje li, pou dife dezi ak pasyon pa detwi li.

35

O ZANMI MWEN YO!

Etenn lanp erè a, e limen nan kè nou flanbo direksyon diven etènèl la. Paske anvan lontan, jij limanite yo, k’ap nan prezans sakre Sila a Ki Adore a, pral sèlman asepte kalite ki pi bon yo ak zak ki fèt avèk sentete ki san tach.

36

O PITIT POUSYÈ A!

Saj yo se moun ki pa pale si yo pa jwenn moun ki dispoze tande pawòl yo; menm jan ak sèvè a ki pa ofri bwason li tout tan li pa jwenn yon moun ki swaf, e amoure ki pa kite kri soti nan pwofondè kè li tout tan li pa wè bèlte byeneme li a devan li. Poutèt sa, simen semans sajès ak konesans nan tè kè ki san tach, e pwoteje yo, jis lè yasent sajès diven an pouse nan kè a e pa nan labou ak ajil.

Bondye te make e ekri pawòl Mwen pral site la yo nan premye liyn Epit la, e Li te kache yo anndan refij tabènak Li a:

37

O SÈVITÈ MWEN!

Pa abandone wayòm etènèl la pou bagay ki pral peri, e pa jete souverènte selès la pou yon dezi terès. Pawòl sa a se rivyè lavi etènèl la ki te koule soti nan sous plim mizerikòdye a; byenere se moun ki bwè ladan li!

38

O PITIT LESPRI A!

Kraze kalòj ou an mòso, e vole nan syèl sentete a menm jan ak zwazo lanmou an. Bliye pwòp tèt ou e abite nan wayòm sentete selès la, ranpli ak lespri mizerikòd.

39

O DESANDAN POUSYÈ A!

Pa kontante ou avèk konfò yon jou k’ap pase, e pa refize repo etènèl la. Pa twoke jaden plezi ki p’ap janm fini an pou mond mòtèl la ki se sèlman pousyè. Kite prizon ou anba e monte nan plenn gloriye anwo a. Soti nan kalòj mòtèl ou e vole nan paradi ki pou Sila a Ki Envizib la.

40

O SÈVITÈ MWEN!

Libere ou anba chenn lemonn sa a, e retire nanm ou nan prizon egoyis ou. Pwofite pran chans ou, paske ou p’ap jwenn li ankò.

41

O PITIT SÈVANT MWEN!

Si ou te kapab gade souverènte k’ap la pou tout tan an, ou t’ap fè tout sa ou kapab pou kite mond pasaje sa a. Lè Mwen kache ou youn e kite ou wè lòt la se you mistè pèsonn moun pa kapab konprann sof moun ki gen yon kè ki san tach.

42

O SÈVITÈ MWEN!

Pwòpte kè ou retire lahèn e, san jalouzi, antre nan lakou sentete diven an.

43

O ZANMI MWEN YO!

Mache nan chemen bon plezi Zanmi an, e konnen byen plezi Li chita nan plezi kreyati Li yo. Sa vle di: pèsòn pa dwe antre lakay zanmi li san zanmi an pa envite li, epi li pa dwe touche byen zanmi an, ni chwazi pwòp volonte pa li pase volonte zanmi an. Pa chèche pran avantaj sou li nan okenn fason. Reflechi sou sa, O nou menm ki gen konprann!

44

O KONPANYON TWÒN MWEN!

Pa tande bagay ki mal, e pa gade bagay ki mal. Pa imilye tèt ou, pa bay soupi ni pa kriye. Pa pale bagay ki mal, pou pa tande moun pale mal, e pa grandi defo lòt moun pou defo pa ou yo pa parèt gran; pa swete imilyasyon pou pèsonn, pou imilyasyon pa ou pa vin devwale. Epi viv jou lavi ou, ki pi kout pase yon moman k’ap pase, avèk lespri ou libere, avèk kè ou pwòp, avèk panse ou san tach, e nati ou sanntifye, pou pèmèt ou lib e kontan lè ou sere ankadreman mòtèl sa a, e avanse nan paradi espirityèl la epi abite nan wayòm etènèl la pou toujou.

45

ELAS! ELAS! O NOU MENM KI ATACHE AK DEZI MÒTÈL YO!

Menm jan ak vitès yon eklè, nou te pase bò kote Byeneme a, e nou te fikse kè nou sou imajinasyon mechan yo. Nou koube nou devan idòl initil nou envante yo, e nou rele yo laverite. Nou vire je nou nan direksyon pikan an, e nou ba li non flè. Nou poko janm soufle yon souf ki san tach, ni dous van detachman an pa janm soti nan jaden kè nou. Nou te vannen bon konsèy Byeneme a te pataje avèk lanmou Li e nou te efase yo konplètman nan pachemen kè nou. Menm jan ak bèt ki nan patiraj, nou avanse e nou viv nan savann dezi ak pasyon.

46

O FRÈ YO KI SOU CHEMEN AN!

Pou ki rezon nou te neglije site non Byeneme a, epi nou elwanye nou ak prezans sakre Li a? Limyè bote a rete anndan paviyon ki pa gen parèy la, li chita sou twòn glwa a, pandan nou menm nou ap okipe nou avèk diskisyon initil yo. Dous pafen sentete a soufle e souf bonte a gaye nan van an, men nou pa pataje, epi nou tout rete nan gran soufrans. Elas pou nou menm e pou yo menm ki mache nan chemen nou e ki swiv tras pye nou!

47

O NOU MENM PITIT DEZI!

Sere vètman ògèy la, e separe nou ak kostim awogans lan.

Sila a nou pa wè a te devwale ak plim Li pawòl ki pral site la yo ki te ekri e enskri nan twazyèm pami liyn ki pi sen yo nan Epit Bijou Wouj la:

48

O FRÈ MWEN YO!

Se pou nou youn tolere lòt e pa fikse afeksyon nou sou bagay mond sa a. Pa vante tèt nou poutèt glwa nou yo, e pa wont si nou sibi imiliyasyon. Mwen jire sou bèlte Mwen! Avèk pousyè Mwen te kreye tout bagay, e nan pousyè M’ap fè yo tounen ankò.

49

O NOU MENM PITIT POUSYÈ!

Rakonte rich yo soupi lanwit pòv yo, pou neglijans pa mennen yo nan chemen destriksyon an, e anpeche yo jwenn Pyebwa Richès la. Paske, renmen bay e montre ou jenere fè pati kalite Mwen yo; byenere se moun ki abiye tèt li ak kalite Mwen yo.

50

O VRÈ LESPRI PASYON AN!

Mete akote tout anvi ou genyen pou byen materyèl e chèche kontantman; paske moun ki anvi byen materyèl te toujou manke yon bagay, e moun ki kontan ak sa yo genyen te toujou jwenn lanmou ak lwanj.

51

O PITIT SÈVANT MWEN!

Pa twouble lè ou nan povrete e pa mete konfyans ou nan richès, paske richès swiv povrete, e povrete swiv richès. Men, rete pòv nan tout bagay sof Bondye se yon kado mèveye. Pa diminye valè li, paske alafen li pral fè ou rich nan Bondye, e konsa ou pral konprann siyifikasyon ki genyen nan pawòl la, “An verite nou se pòv yo,” epi mo sakre sa yo ki di: “Se Bondye ki posede tout bagay,” pral klere tankou douvanjou ki limen ak ekla glwa a nan fon kè amoure a, e ou pral chita byen solid sou twòn richès la.

52

O NOU MENM PITIT NEGLIJANS AK PASYON!

Nou te pèmèt enmi Mwen antre lakay Mwen e nou te mete zanmi Mwen deyò, paske nou te sere lanmou pou yon lòt ki pa Mwen menm nan kè nou. Mete nou alekout diskou Zanmi an e vire nou bò paradi Li. Zanmi terès yo, ki ap chèche pwòp avantaj yo, fè tankou youn renmen lòt, poutan vrè Zanmi an te vrèman renmen nou e Li ap kontinye renmen nou poutèt nou menm; an verite, pou Li te kapab gide nou, Li te soufri anpil pèsekisyon ki pa kapab mezire. Nou pa dwe manke fidèl anvè yon Zanmi konsa. Okontrè, pito nou kouri al’ jwenn Li. Se konsa solèy ki se pawòl laverite ak fidèlite te limen nan syèl plim Senyè tout non yo. Ouvri zòrèy nou pou nou kapab tande pawòl Bondye, Li menm Ki Pote Sekou nan danje, Ki Egziste pou kont Li.

53

O NOU MENM K’AP VANTE TÈT NOU POUTÈT RICHÈS MATERYÈL YO!

Konnen an verite, richès se yon gran baryè ant chèchè a e dezi li, ant amoure a e byeneme li. Rich yo, sof kèk grenn, pa pral rive jwenn lakou prezans Li, ni yo p’ap janm antre nan site kontantman ak rezinyasyon an. Alò, byenere se moun ki rich ki pa kite richès anpeche li jwenn wayòm etènèl la, e ki pa kite richès li anpeche li jwenn yon souverènte ki p’ap janm peri. Nan non Pi Gran Non an! Limyè yon moun rich konsa pral limen abitan syèl la menm jan solèy la ap klere pèp ki sou tè a.

54

O NOU MENM, RICH YO SOU LATÈ!

Pòv ki nan mitan nou yo, se Mwen menm ki mete yo sou kont nou; pwoteje yo pou Mwen, e pa kite se byenèt pa nou sèlman ki okipasyon nou.

55

O PITIT PASYON!

Pwòpte tèt ou soti anba salte larichès epi nan lapè pafè antre nan wayòm povrete a; epi, nan sous detachman an, ou pral kapab bwè alèz nan bwason diven lavi etènèl la.

56

O PITIT MWEN!

Zanmitay ak moun ki pa swiv Bondye ogmante tristès, poutan zanmitay ak moun ki mache nan ladwati pwòpte wouy ki nan kè a. Poutèt sa, se pou moun ki vle kominike ak Bondye chèche fè zanmi ak byeneme Li yo; e se pou moun ki vle tande pawòl Bondye koute pawòl moun Li chwazi yo.

57

O PITIT POUSYÈ A!

Atansyon! Pa mache ak yon moun ki pa kwè nan Bondye e pa chèche fè zanmi ak li, paske zanmitay sa a fè limyè kè a tounen yon dife lanfè.

58

O PITIT SÈVANT MWEN!

Si ou vle chèche gras Sentespri a, chèche zanmitay ak moun ki mache nan ladwati, paske li te bwè nan tas lavi etènèl ki nan men Sèvitè etènèl la e, menm jan ak vrè maten an, l’ap bay lavi e limen kè moun ki mouri yo.

59

O NOU MENM NEGLIJAN YO!

Pa panse sekrè kè yo kache, okontrè, konnen avèk konfyans, sekrè sa yo grave ak lèt ki klè e yo byen vizib nan Prezans sakre a.

60

O ZANMI YO!

An verite Mwen di, kèlkeswa sa nou te kache anndan kè nou, li toujou rete pou Mwen menm yon bagay ki ouvè e klè tankou solèy la; men sa rete kache poutèt gras ak bonte Mwen, e pa paske nou merite sa.

61

O PITIT LÒM!

Mwen te wouze tout pèp sou latè avèk yon ti gout nan oseyan mizèrikòd Mwen an ki san limit, men Mwen pa jwenn pèsonn ki te vire nan direksyon li, paske chak moun te vire do bay bwason selès linite a pou chèche yon dènyè rès nan sa ki kontamine a. Yo kontante yo avèk tas mòtèl la, epi yo mete akote kalis bèlte etènèl la. Tout sa ki fè yo kontan vrèman degoutan.

62

O PITIT POUSYÈ A!

Pa fèmen je ou sou bwason diven Byeneme etènèl la ki pa gen parèy la, e pa ouvri yo sou dènyè rès ki kontamine e mòtèl la. Pran nan men Sèvitè selès la kalis lavi ki p’ap fini an, pou ou kapab posede tout sajès, e koute vwa espirityèl la k’ap rele depi nan wayòm envizib la. Leve vwa nou, O nou menm ki manke espwa! Pou ki rezon nou vire do bay bwason diven Mwen an ki sakre e ki p’ap peri pou chèche yon dlo k’ap pase?

63

O NOU MENM PÈP KI SOU LATÈ!

Konnen, an verite, yon kalamite nou pa t’ap espere ap swiv nou, e yon pinisyon grav ap tann nou. Pa panse sa nou te fè yo vin efase devan je Mwen. Mwen jire sou bèlte Mwen! Plim Mwen te ekri tout zak nou yo an gran lèt sou plak ki fèt ak kristal yo.

64

O NOU MENM OPRESÈ KI SOU LATÈ!

Sispann domine moun, paske Mwen te fè sèman pou pa padone tout enjistis lòm fè. Sa a se alyans Mwen te deside nan epit sere a ki pa kapab chanje e Mwen te mete so glwa Mwen sou li.

65

O NOU MENM KI REBÈL!

Poutèt Mwen te tolere nou sa te fè nou vin ògeye e pasyans Mwen te fè nou neglijan, jiskaske sa te fè nou galope cheval fewòs pasyon an nan chemen danjere yo k’ap mennen nan destriksyon. Èske nou te panse Mwen enkonsyan, èske nou te panse Mwen pa okouran?

66

O NOU MENM KI TE KITE PEYI NOU!

Mwen te kreye lang lan pou site non Mwen, pa sal li nan kritike lòt moun. Si dife egoyis vin domine nou, sonje defo pa nou e pa defo kreyati Mwen yo, paske chak moun konnen pwòp tèt li pi byen pase li konnen lòt moun.

67

O NOU MENM PITIT IMAJINASYON!

Konnen an verite, pandan douvanjou eklere a ap leve nan syèl sentete etènèl la, tout sekrè e aksyon satanik ki te fèt pandan tenèb lanwit la pral vin devwale e vin klè devan je tout pèp ki sou latè.

68

O MOVE ZÈB K’AP POUSE NAN POUSYÈ A!

Pou ki rezon ou pa t’ siye men sal ou yo sou kostim pa ou a anvan, e poukisa ou chèche kominike avèk Mwen e antre nan wayòm sakre Mwen an avèk yon kè ki sal ak dezi e pasyon? Ou lwen, trè lwen sa ou ap chèche a.

69

O NOU MENM PITIT ADAN YO!

Pawòl ki sen ak bon zak ki san tach monte nan syèl glwa selès la. Fè efò pou pwòpte zak nou yo pou retire pousyè egoyis ak ipokrizi e jwenn favè nan lakou glwa a; paske anvan lontan jij limanite yo, nan prezans sakre Sila a, Adore a, pral asepte sèlman ladwati total e zak ki konplètman san tach. Sa a se solèy sajès ak mistè diven an ki te klere nan syèl volonte diven an. Beni se moun ki vire nan direksyon li.

70

O PITIT LAVI MATERYÈL!

Wayòm egzistans lan agreyab, si ou ta rive jwenn li. Gloriye se wayòm etènite a, si ou ta kite lemonn lavi mòtèl la dèyè. Dous se gran kontantman sakre a, si ou bwè nan kalis espirityèl la ki nan men Jèn selès la. Si ou ta rive jwenn ran sa a, ou pral libere ou anba destriksyon e lamò, anba peche e travay san rete.

71

O ZANMI MWEN YO!

Sonje alyans nou te fè avèk Mwen sou Mòn Paran an, ki chita nan kote sanntifye a ki rele Zaman. Mwen te pran kòm temwen konkou anwo a avèk abitan ki nan site etènite a, men Mwen pa jwenn pèsonn jodiya ki rete fidèl ak alyans lan. Se sèten ògèy ak rebelyon te efase alyans lan nan kè yo, jiskaske li pa rete okenn tras ankò. Malgre Mwen konnen sa, Mwen te tann nou e Mwen pa t’ devwale sa.

72

O SÈVITÈ MWEN!

Ou tankou yon epe ki byen fòje men ki kache nan fènwa fouwo li kote atizan an pa wè valè li. Poutèt sa, retire tèt ou nan fouwo egoyis ak dezi a pou pèmèt vrè valè ou vin klere e parèt klè devan tout lemonn.

73

O ZANMI MWEN!

Ou se solèy nan syèl sentete Mwen. Pa kite salte lemonn kache limyè ou. Chire vwal neglijans lan, pou ou kapab soti dèyè nyaj yo, parèt gloriye, epi abiye tout bagay avèk kostim lavi a.

74

O PITIT ÒGÈY YO!

Nou te abandone wayòm Mwen ki p’ap janm peri a pou yon pouvwa k’ap pase, e nou te dekore tèt nou avèk bèl koulè lemonn pou nou te kapab vante tèt nou poutèt yo. Mwen jire sou bèlte Mwen! Mwen pral rasanble tout moun anba yon kouvèti pousyè ki gen yon sèl koulè e Mwen pral efase tout divès koulè sa yo esepte pou sila yo ki chwazi koulè pa Mwen an, k’ap elimine tout lòt koulè yo.

75

O PITIT NEGLIJANS YO!

Pa mete afeksyon nou sou yon pouvwa mòtèl e pa rejwi nan li. Nou tankou zwazo ki alèz k’ap chante ak tout konfyans sou branch pyebwa a; sibitman chasè Lamò jete li nan pousyè a, epi melodi a, ak fòm nan e koulè a disparèt, san kite okenn tras. Poutèt sa fè atansyon, O esklav dezi yo!

76

O PITIT SÈVANT MWEN!

Nan tan pase yo, kwayan yo te sèvi ak pawòl pou fè pase mesaj la, men jodiya yo dwe sèvi ak aksyon. Nou tout dwe montre aksyon ki san tach e sen, paske tout moun posede lapawòl, men aksyon ki san tach se pou byeneme Mwen yo sèlman. Poutèt sa fè efò ak tout kè e nanm nou pou aksyon nou kapab montre diferans nou. Sa a se konsèy Mwen ban nou ki soti nan epit sakre e gloriye sa a.

77

O PITIT JISTIS LA!

Pandan sezon lanwit, bèlte Lespri etènèl la te kite otè fidelite a ki bèl tankou yon bijou vèt pou al’ jwenn Sadratu’l-Muntahá, e Li te tèlman kriye sa te fè lame selès la ak abitan wayòm anwo yo kriye poutèt gran tristès Li. Touswit aprè, yo te mande, Pou ki rezon Ou ap rele e kriye konsa? Li te reponn: Daprè lòd Mwen te jwenn, Mwen t’ap tann avèk espwa sou mòn devouman an, men Mwen pa t’ pran sant pafen fidelite a sou moun ki abite sou tè a. Aprè, Mwen te jwenn lòd pou Mwen retounen gade ankò, epi Mwen te wè chen sou tè a te genyen kèk zwazo pijyon sentete yo t’ap pilonnen anba grif yo. Answit, Demwazèl syèl la te prese soti kite mezon espirityèl Li san vwal, tou klere, e Li te mande non moun sa yo, e tout non yo te devwale sof youn. Avèk ankourajman, li te devwale premye lèt dènye non an, epi abitan chanm selès yo te kouri kite abitasyon glwa yo. Pandan dezyèm lèt la t’ap site, yo tout, san esepsyon, te tonbe atè nan pousyè a. Nan moman sa a yon vwa nan tonbo ki pi sakre a te di: “Rete la, pa ale pi lwen.” An verite, Mwen pote temwayaj sou sa yo te fè a e sou sa y’ap kontinye fè a.

78

O PITIT SÈVANT MWEN!

Bwè nan sous mistè diven an ki soti nan bouch mizerikòdye a, epi gade ekla solèy sajès la ki san vwal ki klere nan diskou diven an. Plante semans sajès diven Mwen an nan bon tè kè a, e wouze yo ak dlo fèmte, pou pèmèt jasent konesans ak sajès yo pouse tou frè e vèt nan site sakre a ki nan kè lòm.

79

O PITIT DEZI A!

Pou konbyen tan ou ap kontinye vole nan espas wayòm dezi yo? Mwen te ba ou zèl pou pèmèt ou vole nan wayòm lespri sentete yo men se pa pou vole nan rejyon imajinasyon dyab la. E, peyn Mwen te ba ou a, se pou pèmèt ou penyen bèl cheve nwa Mwen yo, e pa pou koupe gòj Mwen.

80

O SÈVITÈ MWEN!

Nou se pyebwa yo ki nan jaden Mwen; nou dwe bay fwi ki bon e mèveye, pou nou menm ak lòt moun yo kapab benefisye. Se pou rezon sa a tout moun dwe egzèse yo nan metye ak pwofesyon yo, paske se nan sa sekrè larichès kache, O lèzòm ki konprann! Paske, rezilta yo depann sou mwayen yo, e gras Bondye pral toujou sifi pou nou. Pyebwa ki pa bay okenn fwi te toujou la pou dife, e yo pral toujou rete menm jan an.

81

O SÈVITÈ MWEN!

Moun ki pi ba yo se moun ki pa bay okenn fwi sou tè a. Moun sa yo vrèman konte pami mò yo, okontrè, nan je Bondye, mò yo pi bon pase nanm parese e san valè sa yo.

82

O SÈVITÈ MWEN!

Moun ki pi bon yo se sila a yo ki viv sou metye yo e ki depanse pou tèt pa yo ak fanmi yo akoz lanmou yo genyen pou Bondye, Senyè tout mond yo.

Madanm marye espirityèl e mèveye a ki te rete kache anba vwal pawòl yo jiska epòk sa a vin devwale kounyeya, poutèt gras Bondye e favè diven Li, e kounyeya li klere tankou limyè briyan ki soti nan bèlte Byeneme a. Mwen pote temwayaj, O zanmi yo! Favè a akòde, esplikasyon an akonpli, prèv la klè e temwayaj la solid. An nou gade kounyeya kisa efò nou yo pral bay sou chemen detache nou ak tout bagay. Se konsa Bondye te voye bonte diven an pou nou e pou tout sa ki nan syèl la e sou tè a. Tout lwanj pou Bondye, Senyè tout Mond yo.

Bahá'u'lláh

Windows / Mac